APADEH pataje lanmou ak timoun lari yo

Nan samdi 16 me 2026 la, se te yon bèl okazyon pou Pastè Dorismond Joseph Fils, kòdonatè nasyonal APADEH, te rann yon vizit bay timoun lari yo nan zòn Delmas.

Raymond Joseph

5/17/20261 min read

Nan samdi 16 me 2026 la, se te yon bèl okazyon pou Pastè Dorismond Joseph Fils, kòdonatè nasyonal APADEH, te rann yon vizit bay timoun lari yo nan zòn Delmas.

Objektif vizit la se te pataje lanmou avèk yo epi fè yo konnen Jezi renmen yo menm jan ak tout lòt timoun.

Aktivite sa a te make pa yon gwo moman espirityèl kote youn nan jèn yo, ki gen 16 zan, te deside aksepte Jezi kòm Seyè ak Sovè pèsonèl li.

Jounen an te fini nan yon bèl anbyans ak yon ti sansibilizasyon sou ijyèn. Jèn yo menm te pran inisyativ pou netwaye ti espas kote yo ap viv la.

Tipa tipa, n ap pataje lanmou pou ede yo jwenn espwa epi anpeche yo pran move chimen.