APADEH sipòte edikasyon timoun kwadèboukè

Nan lide pou ankouraje ijyèn ak pwòpte nan anviwònman lekòl yo, APADEH distribye "kits WASH" nan 40 lekòl nan komin Kwadèboukè.

Raymond Joseph

3/25/20261 min read

Nan lide pou ankouraje ijyèn ak pwòpte nan anviwònman lekòl yo, APADEH distribye "kits WASH" nan 40 lekòl nan komin Kwadèboukè. Kit sa yo gen ladan yo poubèl, klowòks, bokit a robinè, bale, sèpyè, gan, pèl, kivèt, ak lòt materyèl enpòtan ankò.

Aksyon sa a ap pèmèt lekòl yo amelyore kondisyon sanitè yo epi ofri elèv yo yon espas ki pi pwòp, pi an sante, ak pi favorab pou aprann.

APADEH remèsye UNICEF Haiti ak #MENF ki fasilite distribisyon sa yo nan lekòl yo.

Ansanm, ann kontinye soutni yon lekòl ki pwòp pou yon kominote ki an sante.