Former pour réduire la violence communautaire
APADEH gradye chak ane plis pase 100 pwofesyonèl nan diferan domèn, se yon seri de ti moun ki te nan la ri, ki nan katye defavirize yo APADEH pran yo voye yo lekòl, aprann yo metye
Raymond Joseph
6/26/20261 min read


Èskew te konnen gen anpil ti moun kap fè sak pa sa nan sosyete a se paske yo pat gen moun kap panse pou yo, pou ba yo ban jan lediksyon, pou ba yo metye si non nou pa tap gen tout ti moun sa yo ki dewoute, jis yo tounen ènmi sosyete a, se pa fòt yo, yo pat jwenn sa yo te merite a kòm tretman
Pou sove ti rès la pastè Dorismond Joseph Fils atravè APADEH angajel poul ede peyi a sove ti rès ti moun ki lage san abri yo, sila yo ki lage pou kont yo ki pa gen ni kriye ni rele
APADEH gradye chak ane plis pase 100 pwofesyonèl nan diferan domèn, se yon seri de ti moun ki te nan la ri, ki nan katye defavirize yo APADEH pran yo voye yo lekòl, aprann yo metye
Jan wap gade nan foto sa yo la se yon gwoup ti moun, jenn fi kou jenn gason kap aprann metye, yap pran fòmasyon ki pwal pèmèt yo fè fas a la vi a pi devan kote yap aprann jwe mizik, diferan enstriman tankou: gita, kibòd, batri, genyen kap aprann karelaj, APADEH pa sèlman gade ti moun yo men li akonpanye yo, li ba yo metye kap rete pou yo jiskaske yo kite tè sa.
Info-divers te vrèman kontan vizite Apadeh - Action Pastorale pour le Développement Humain nan lokal yo dèlma 31 jounen dimanch 21 jen 2026 la nan moman kou yo, nou kontan wè kouman yon ekip pwofesè byen fòme ap fòme ti moun yo,
Sa ki te atire atansyon nou plis se Anviwon 6 fanmi ki kouri ki te kay yo akoz vye zak b@ndi yo epi APADEH resevwa yo, pran swen yo, se yon bèl aksyon...
















Solidarité
Engagement pour les enfants et les familles vulnérables.
Aide
Justice
(509) 3626 8236
© 2025. Tous droits réservés.
