Kriz imanitè nan Cité Soleil: APADEH pote sekou bay fanmi ki deplase yo
Depi anviwon yon mwa, gwoup ame yo ap fè eklatman vyolan nan dezyèm seksyon Cité Soleil, yon sitiyasyon ki deja lakòz plis pase 15 000 fanmi deplase.
5/20/20261 min read


Depi anviwon yon mwa, gwoup ame yo ap fè eklatman vyolan nan dezyèm seksyon Cité Soleil, yon sitiyasyon ki deja lakòz plis pase 15 000 fanmi deplase. Pandan kèk fanmi rive jwenn refij lakay pwòch yo, anpil lòt oblije viv nan lari, espesyalman nan zòn Twa Men, sou wout ayopò a, kote yo ekspoze anba solèy ak lapli chak jou.
Bay piti pa chich, se ak pwovèb sa ke APADEH te mobilize nan samdi 16 me a pou pote plis pase 450 gwo sachè dlo potab pou fanmi deplase yo. Dlo sa yo estoke sou sit la pou pèmèt fanmi yo jwenn aksè ak dlo chak fwa sa nesesè.
Nan menm entèvansyon an, ekip la te rive idantifye 10 tibebe ki fenk fèt ki te nan yon eta sante kritik. Gras ak sipò ekip la, tibebe sa yo ansanm ak manman yo te transpòte lopital pou resevwa swen medikal ijan.
Fas ak kriz imanitè sa a, pèp ayisyen an bezwen plis atansyon, plis solidarite, ak plis aksyon konkrè. Chak jès konte pou redonne espwa ak diyite a fanmi ki pi vilnerab yo.








Solidarité
Engagement pour les enfants et les familles vulnérables.
Aide
Justice
(509) 3626 8236
© 2025. Tous droits réservés.
