Li nan laj poul ta lekòl

APADEH se yon Òganizasyon kap ede moun sitou ti moun, jenn yo ki pa gen pèsòn pou ede yo, APADEH gen pliske 5 fanmi ki pa gen kote pou ale kap viv ladann.

Raymond Joseph

6/26/20261 min read

Li tap souye soulye nan la ri a, li se: Sanon Louis, yon ti moun ki tap viv segen akoz pwoblèm b@ndi yo li oblije kite lakay li, li paka tounen segen ankò, poul jwenn mwayen poul viv li oblije pran yon bwat pou lap siye soulye jis poul ka pran swen tèt li a sèlman 13 lane, li pa vle fè vye aksyon

Se konsa kòdonatè APADEH a pastè Dorismond Joseph Fils tap obsève li ta pwal apwoche Sanon Louis fè konesans avèk li se konsa Sanon tap eksplike pastè a nan ki pwoblèm li epi pastè a metel nan machin li epi ale nan lokal òganizasyon an, edel, kòm ane lekòl la gentan fini lòt ane Sanon Louis pwal lekòl, Kounyeya lap aprann karelaj nan APADEH...

Sanon Louis santil delivre lèl wè li antre nan APADEH kote yap pran swen li, edel aprann metye, epi ale lekòl.

APADEH se yon Òganizasyon kap ede moun sitou ti moun, jenn yo ki pa gen pèsòn pou ede yo, APADEH gen pliske 5 fanmi ki pa gen kote pou ale kap viv ladann, epi ede yo jwenn kichòy pou yo manje chak jou.

Info-divers nou te kontan vizite APADEH kap fè yon gwo travay nan kominote nou an, nan tout peyi a Apadeh - Action Pastorale pour le Développement Humain

Solidarité

Engagement pour les enfants et les familles vulnérables.

Aide

Justice

(509) 3626 8236

© 2025. Tous droits réservés.