Yon Lespwa ki Renèt : Istwa Sanon Louis

Soti nan siye soulye nan lari pou rive vin yon karelè pwofesyonèl, istwa Sanon Louis se yon bel prev ke ak yon ti sipò, lavni nenpòt timoun ka chanje.

Raymond Joseph

8/6/20261 min read

Soti nan souye soulye epi vin karelè pwofesyonèl, Sanon Louis kontinye ap swiv kou yo nan Apadeh - Action Pastorale pour le Développement Humain li vrèman detèmine poul aprann, gras a tretman apa pwofesè yo bali, Sanon vrèman adaptel epi aprann vit... Sanon Louis ki gen sèlman 13 lane kap goumen avèk la vi poul pran swen tèt li te oblije souye soulye nan la ri a poul kab jwenn yon pen poul manje chak jou, ebyen kòdonatè jeneral APADEH a pastè Dorismond Joseph Fils ta pwal rankote avèk Sanon, yon rankont ki pwal chanje vi ti moun 13 lane sila. Nap raplew Sanon Louis te oblije kite lakay li kenskòf akoz vyonlans g@ng yon nan zòn li, li te oblije desann dèlma se la tou pastè Dorismond ta pwal kwazel epi mennenl lakay li epi ba li yon lòt direksyon

Nou fè pòs sa poun enfòmew ke Sanon Louis kontinye ap swiv kou yo, li gentan aprann anpil bagay gras a pwofesè ki kalifye kap dispanse kou yo e Sanon jwenn yon tretman apa nan men pwòf yo yon tretman ki metel alèz, ki fèl santi li se moun menmjan avèk tout lòt ti moun yo

Sanon vrèman kontan, li koumanse wè vi a yon lòt fason paske li santi demen li asire gras metye karelaj lap aprann nan, selon Sanon sa pwal pèmèt li fè plis kòb kap pèmèt li pran swen tèt li, fanmil pi byen

APADEH se yon Òganizasyon kap ede moun sitou ti moun, jenn yo ki pa gen pèsòn pou ede yo.

Info-divers nou te kontan vizite APADEH kap fè yon gwo travay nan kominote nou an, nan tout peyi a Apadeh - Action Pastorale pour le Développement Humain

Solidarité

Engagement pour les enfants et les familles vulnérables.

Aide

Justice

(509) 3626 8236

© 2025. Tous droits réservés.